Proverbs 31:1-9

Haitian(i) 1 Men Pawòl wa Lemwèl, men konsèy manman l' te ba li: 2 Kisa pou m' di ou, pitit mwen, pitit ki soti nan zantray mwen? Se mwen ki te mande Bondye pou l' ban mwen ou. Kisa pou m' di ou? 3 Pa gaspiye kouray ou nan fanm. Veye zo ou ak fanm k'ap fè malè chèf yo. 4 Lemwèl monchè, yon wa pa fèt pou nan bwè bweson. Chèf pa fèt pou nan bwè gwòg. 5 Lè yo bwè konsa, yo bliye lòd yo te bay. Yo p'ap pran ka malere yo. 6 Se moun ki dekouraje ak lavi ki tonbe nan gwòg. Se moun ki gen gwo lapenn nan kè yo ki lage kò yo nan bweson. 7 Yo bwè pou yo bliye mizè yo, pou yo pa chonje lapenn yo. 8 Louvri bouch ou pale pou moun ki pa ka pale pou tèt yo. Defann kòz moun ki san sekou yo. 9 Pale pou yo. Pa fè patipri. Defann kòz malere yo ak endijan yo.