Numbers 6:23-27

Haitian(i) 23 -Pale ak Arawon ansanm ak pitit gason l' yo. W'a di yo men sa pou nou di lè n'ap beni pèp Izrayèl la: 24 Se pou Seyè a beni nou, se pou l' pran swen nou. 25 Se pou Seyè a fè nou santi li la avèk nou, se pou l' gen pitye pou nou. 26 Se pou Seyè a fè nou wè jan li renmen nou, se pou l' ban nou kè poze. 27 Se konsa y'a nonmen non m', y'a lapriyè nan pye m' pou pèp Izrayèl la, epi m'a beni yo.