Numbers 31:2-6

Haitian(i) 2 -Ou pral pini moun Madyan yo pou sa yo fè moun pèp Izrayèl yo pase. Apre sa, ou pral mouri pou ou al jwenn moun pa ou yo ki mouri deja. 3 Se konsa, Moyiz pale ak pèp la, li di yo konsa: -Pare kèk gason nan mitan nou pou y' al goumen, pou yo mache pran moun Madyan yo, fè yo peye sa yo fè Seyè a. 4 N'a pran mil gason nan chak branch fanmi pèp Izrayèl la pou n' voye al goumen. 5 Se konsa nan tout kantite gason ki nan pèp Izrayèl la, yo pran mil gason nan chak branch fanmi. Sa te bay douzmil (12.000) gason antou ki te pare pou al goumen. 6 Moyiz voye douzmil gason sa yo al fè lagè. Li voye ak yo Fineas, pitit gason Eleaza, prèt la, ki t'ap pote veso Bondye yo ak twonpèt pou bay siyal yo.