Numbers 1:5-15

Haitian(i) 5 Men non moun ki va ede nou nan resansman an: Nan branch fanmi Woubenn lan, se va Elizou, pitit gason Chedeyou. 6 Nan branch fanmi Simeyon an, se va Cheloumyèl, pitit gason Sourichadayi. 7 Nan branch fanmi Jida a, se va Nakchon, pitit gason Aminadab. 8 Nan branch fanmi Isaka a, se va Netanèl, pitit gason Swa. 9 Nan branch fanmi Zabilon an, se va Eliyab, pitit gason Elon. 10 Nan branch fanmi Efrayim, premye pitit gason Jozèf la, se va Elichama, pitit gason Amiyoud. Nan branch fanmi Manase, dezyèm pitit gason Jozèf la, se va Gamliyèl, pitit gason Pedachou. 11 Nan branch fanmi Benjamen an, se va Abidan, pitit gason Gideyoni. 12 Nan branch fanmi Dann lan, se va Ayezè, pitit gason Amichadayi. 13 Nan branch fanmi Asè a, se va Pagiyèl, pitit gason Okran. 14 Nan branch fanmi Gad la, se va Elyasaf, pitit gason Dewèl. 15 Nan branch fanmi Neftali a, se va Ayira, pitit gason Enan.