Numbers 11:4-6

Haitian(i) 4 Bann moun lòt nasyon ki te la nan mitan pèp Izrayèl la te anvi manje vyann. Pèp la menm te pran plenyen ankò, yo t'ap di: -Ki moun k'ap fè nou jwenn vyann pou nou manje koulye a? 5 Jan nou te konn manje pwason pou gremesi nan peyi Lejip! Nou chonje kalite bon ti konkonm, melon dlo, powo, zonyon, ak lay nou te konn manje! 6 Men koulye a, se deperi n'ap deperi. Nou pa gen anyen pou nou manje, anyen menm pase laman lan ki devan je nou tout tan!