Micah 7:17

Haitian(i) 17 y'a trennen kò yo atè nan pousyè tankou koulèv. Y'a mache tankou bèt k'ap trennen sou vant! Y'a pè, y'a kouri soti nan fò yo. Y'a tranble devan Bondye, y'a tounen vin jwenn li. Y'a tranble tankou fèy bwa akòz Seyè a.