Matthew 9:27-31

Haitian(i) 27 Jezi kite kote l' te ye a. Antan li t'ap pase yon kote, de avèg pran mache dèyè li. Yo t'ap rele: Pitit David, gen pitye pou nou! 28 Lè Jezi rive nan kay la, avèg yo pwoche bò kote li. Jezi di yo: Eske nou kwè mwen ka fè sa pou nou? Yo reponn li: Wi, Mèt. 29 Lè sa a, li manyen je yo, li di: Se pou sa fèt pou nou jan nou kwè l' la. 30 Je yo louvri. Jezi pale byen sevè ak yo, li di yo: Tande byen, piga pesonn konn sa. 31 Men, ale yo ale, yo pran nonmen non l' toupatou nan peyi a.