Matthew 5:3-5

Haitian(i) 3 Benediksyon pou moun ki konnen se pòv yo ye devan Bondye, paske peyi Wa ki nan syèl la, se pou yo li ye. 4 Benediksyon pou moun ki nan lapenn, paske Bondye va ba yo kouraj. 5 Benediksyon pou moun ki dou, paske y'a resevwa byen Bondye te sere pou yo a sou latè.