Luke 23:44-46

Haitian(i) 44 Li te midi konsa lè solèy la sispann klere sou tout peyi a jouk vè twazè nan apremidi. 45 Rido ki te nan tanp lan chire fè de moso. 46 Jezi rele byen fò, li di: Papa, m' ap renmèt lespri mwen nan men ou. Apre l' fin di pawòl sa yo, li mouri.