John 15:12-15

Haitian(i) 12 Men kòmandman m'ap ban nou: Se pou nou yonn renmen lòt menm jan mwen renmen nou. 13 Pa gen pi bon jan pou ou moutre jan ou renmen zanmi ou pase lè ou bay lavi ou pou yo. 14 Nou tout, se zanmi m' nou ye depi nou fè sa m' mande nou fè. 15 Mwen p'ap rele nou domestik, paske yon domestik pa konnen sa mèt li ap fè. M'ap rele nou zanmi paske mwen fè nou konnen tou sa Papa a te moutre mwen.