Job 40:15-24

Haitian(i) 15 Gade gwo bèt lèd yo rele Beyemòt la. Se mwen ki fè l', menm jan se mwen ki fè ou. Se zèb li manje tankou bèf. 16 Tout fòs li, se nan ren l'. Tout kouraj li, se nan venn vant li. 17 Ke l' kanpe tankou yon pye sèd. Venn janm li yo fè boul. 18 Zo l' yo di tankou fè tiyo. Janm li yo tankou de bout fè. 19 Nan tout bèt mwen fè, se li ki pote premye pri. Se mwen ki kreye l' la sèlman ki ka fè l' bat ba. 20 Li manje zèb ki pouse sou mòn kote lòt bèt nan bwa ap pran plezi yo. 21 Li kouche anba raje. Li kache nan mitan wozo marekay yo. 22 Raje yo fè lonbray pou li. Pye sikren bò larivyè yo ap pwoteje l'. 23 Larivyè ap desann, sa pa di l' anyen. Larivyè Jouden gonfle rive wotè bouch li, li kè pòpòz. 24 Ki moun ki ka pete je l' pou mete men sou li? Ki moun ki ka pèse bwa nen l' ak yon fwenn bwa.