Job 38:8-11

Haitian(i) 8 Ki moun ki fèmen pòtay pou bare lanmè a, lè li pete soti nan vant latè a? 9 Lè mwen kouvri lanmè a ak nwaj, lè mwen vlope l' nan gwo nwaj nwa yo, 10 mwen bay lanmè a bòn li. Mwen mete pòt avèk kle pou kenbe l' nan plas li. 11 Mwen di l': Men limit ou. Pa depase l'. Se la m'ap kraze fòs lanm ou yo.