Haitian(i)
1 Lè konsa, kè m' ap bat. M' santi l'ap rache.
2 Nou tout, koute vwa Bondye! Koute jan l'ap gwonde!
3 Zèklè a kouri nan tout syèl la. Li klere dènye bout latè.
4 Apre sa, yo tande vwa li ap gwonde. Loraj la gwonde avèk fòs. Lè konsa, zèklè fè mikalaw.
5 Lè Bondye ap pale konsa, li fè bèl bagay, bagay nou pa ka konprann.
6 Li bay lanèj lòd kouvri latè. Li bay gwo lapli lòd tonbe.