James 2:17-26

Haitian(i) 17 Konsa tou pou konfyans nan Bondye a: si l' pa fè nou fè sa ki byen, si l' rete pou kont li, li mouri. 18 Men, gen moun ki va di: Ou menm, ou gen konfyans. Mwen menm, mwen fè sa ki byen. M'a reponn li: Moutre m' ki jan ou ka gen konfyans san ou pa fè sa ki byen, mwen menm m'ap moutre ou jan mwen gen konfyans ak sa m'ap fè ki byen. 19 Ou kwè gen yon sèl Bondye. Ou fè byen. Denmon yo tou yo kwè sa, men y'ap tranble sitèlman yo pè. 20 Gade jan ou manke konprann! Eske ou vle wè ki jan konfyans pa vo anyen si l' pa mache ak sa ou fè ki byen? 21 Abraram granpapa nou, èske Bondye pa t' fè l' gras poutèt sa li te fè lè l' te ofri Izarak, pitit li a, sou lotèl la? 22 Ou wè. Konfyans li te mache ansanm ak sa li te fè. Konsa tou, sa l' te fè a te fè konfyans li vin bon nèt. 23 Se konsa, pawòl ki te ekri nan Liv la rive vre: Abraram te mete konfyans li nan Bondye, epi Bondye fè l' gras. Se sak fè yo te rele Abraram zanmi Bondye. 24 Ou wè: se pa sèlman paske yon moun gen konfyans kifè Bondye fè l' gras, men se paske li fè sa ki byen anmenmtan an tou. 25 Se menm jan an tou pou Rarab, fanm movèz vi a. Eske se pa t' poutèt sa l' te fè a Bondye te fè l' gras, lè l' te resevwa mesaje jwif yo, lè l' te fè yo pran yon lòt wout pou tounen lakay yo? 26 Menm jan yon kò ki san nanm se yon kò ki mouri, konsa tou, konfyans nan Bondye ki pa mache ak fè sa ki byen se yon konfyans ki mouri.