Isaiah 7:11-14

Haitian(i) 11 -Mande Seyè a, Bondye ou la, pou li ba ou yon siy. Se ka yon siy ki soti anba tè kote mò yo ye a, se ka yon siy ki soti anwo nan syèl la. 12 Akaz reponn: -Mwen p'ap mande Seyè a anyen. Mwen p'ap sonde l'. 13 Lè sa a, Ezayi di konsa: -Koute non, moun fanmi David yo! Sa pa kont nou toujou? Jan nou fè moun bouke ak nou pou koulye a nou soti pou nou fè Bondye mwen an bouke ak nou tou? 14 Enben! Se Seyè a menm ki pral ban nou yon siy. Men li: Jenn tifi ki ansent lan pral fè yon pitit gason, l'a rele l' Emannwèl (ki vle di: Bondye avèk nou).