Isaiah 63:1-6

Haitian(i) 1 Kilès sa a k'ap vini sot lavil Bozra nan peyi Edon an, ak yon rad tou wouj sou li a? L'ap mache byen bwòdè ak bèl rad li sou li. L'ap mache tèt li byen wo, l'ap pile tè a byen fò. Se mwen menm, Seyè a, ki gen pouvwa pou delivre moun lan, k'ap pale sou koze delivrans lan. 2 Poukisa rad sou ou yo wouj konsa, tankou rad moun k'ap kraze rezen anba pye yo pou fè diven nan basen? 3 Seyè a reponn: -Mwen te pou kont mwen ap kraze nasyon yo anba pye m', tankou rezen nan basen. Pa t' gen yon moun nan pèp mwen an ki te la avè m'. Mwen fè kòlè, mwen mache sou yo, m' pilonnen yo anba pye m' sitèlman mwen te fache. San yo benyen tout rad mwen, li tache yo byen tache. 4 Mwen te chwazi nan kè m' jou pou m' te tire revanj pou pèp mwen an. Lè pou m' te pini lènmi l' yo te rive. 5 Lè m' gade, mwen te sezi. Pa t' gen yon moun pou ban m' yon koutmen. Pa t' gen pesonn pou ban m' konkou. Men, mwen te sitèlman an kòlè, mwen jwenn kont fòs nan ponyèt mwen, mwen kenbe jouk mwen fin delivre yo. 6 Mwen fè yon sèl kòlè, mwen kraze yon bann pèp. Mwen dechèpiye yo sitèlman mwen te fache. Mwen fè dlo kò yo benyen kò yo.