Isaiah 5:4-6

Haitian(i) 4 Kisa pou m' te fè pou jaden rezen an mwen pa t' fè? Mwen t'ap tann li ban m' bon jan rezen. Poukisa se bann vye rezen si sa yo li donnen? 5 Enben! M'ap fè nou konnen sa mapral fè jaden rezen mwen an. Mwen pral kraze tout lantiray li a pou bèt antre vin manje l', pou yo kraze l' anba pye yo. 6 M'ap fè l' tounen yon jaden yo piye. Yo p'ap netwaye branch li yo, yo p'ap sekle l' ankò. Zèb pikan ak raje ap fin anvayi l'. Mwen p'ap kite lapli tonbe sou li.