Genesis 1:14-18

Haitian(i) 14 Bondye di ankò. Se pou limyè parèt nan syèl la pou separe lajounen ak lannwit. Y'a sèvi pou make jou yo, lanne yo ak sezon yo. 15 Y'a sèvi limyè nan syèl la pou klere tout latè a. Se konsa sa te pase. 16 Bondye fè de gwo limyè, pi gwo a pou kòmande sou lajounen, pi piti a pou kòmande sou lannwit. Li fè zetwal yo tou. 17 Li mete yo nan syèl la pou klere latè a, 18 pou kòmande sou lajounen ak sou lannwit, pou separe limyè ak fènwa. Bondye gade sa l' te fè a, li wè l' bon.