Ezekiel 15:1-5

Haitian(i) 1 Seyè a pale avè m' ankò: Li di m' konsa: 2 -Nonm o! Kisa bwa pye rezen an genyen ki fè l' pi bon pase bwa tout lòt pyebwa ou ka jwenn nan rak? 3 Eske li ka ba ou bwa pou fè anyen? Eske yo ka fè pikèt kwòk avè l' pou pandye bagay? 4 Li ka sèvi pou limen dife ase. Dife a boule de bout li yo ansanm ak mitan an. Apre sa, ou pa ka fè anyen avè l' ankò. 5 Li pa t' ankò boule a, yo te tou pa ka fè anyen avè l'. Koulye a dife a fin boule l', se pi rèd ankò.