Exodus 25:10-22

Haitian(i) 10 y'a pran bwa zakasya, y'a fè yon gwo bwat. Bwat la va mezire twa pye nèf pous longè, de pye twa pous lajè, de pye twa pous wotè. 11 W'a kouvri l' nèt, anndan kou deyò, ak pi bon klas lò ki genyen. Epi w'a mete yon bòdi an lò fè wonn li. 12 W'a fonn lò a fè kat gwo bag tou won. W'a moute yonn sou chak kwen bwat la, de chak bò. 13 W'a pran de jenn poto zakasya, w'a kouvri yo nèt ak lò. 14 W'a pase poto yo nan twou bag yo, sou de bò bwat la. Poto sa yo va sèvi manch pou pote bwat la. 15 Se pou poto yo toujou rete nan bag yo, san yo pa janm wete yo. 16 Mwen pral ba ou de ròch plat ki va sèvi pou nou toujou chonje m'. W'a mete yo nan bwat la. 17 W'a pran pi bon lò ki genyen, w'a fè yon kouvèti pou bwat la. L'a mezire twa pye nèf pous longè sou de pye twa pous lajè. 18 W'a fè pòtre de zanj cheriben an lò. y'a pran lò a, y'a bat li ak mato pou yo fè pòtre yo. W'a mete yo anwo kouvèti a, 19 yonn sou bò dwat, yonn sou bò gòch. W'a kole yo byen kole sou kouvèti a pou yo fè kò avè l'. 20 Zanj cheriben yo va louvri zèl yo anwo tèt yo, konsa y'a kouvri kouvèti a. Se pou yo yonn anfas lòt, avèk tèt yo bese ap gade kouvèti a. 21 W'a mete kouvèti a sou bwat la. Nan bwat la menm, w'a mete de ròch plat mwen pral ba ou pou nou ka toujou chonje mwen. 22 Se la m'a toujou kontre avè ou. m'a rete anwo kouvèti a, nan mitan de zanj cheriben yo, m'a ba ou tout lòd mwen gen pou m' ba ou yo pou moun Izrayèl yo.