Ephesians 6:1-4

Haitian(i) 1 Timoun, se devwa nou tankou moun ki kwè nan Seyè a pou n' obeyi papa nou ak manman nou, paske sa se yon bagay ki dwat devan Bondye. 2 Respekte papa ou ak manman ou. Sa se premye kòmandman ki gen yon pwomès dèyè l': 3 Pou nou ka viv lontan ak kè kontan sou latè. 4 Kanta nou menm, manman ak papa, pa aji ak timoun nou yo yon jan pou eksite yo. Men, ba yo bon levasyon, korije yo, pale ak yo dapre prensip Seyè a.