Colossians 3:5-8

Haitian(i) 5 Se poutèt sa, se pou nou detwi nan nou tou sa ki soti nan lemonn tankou: imoralite, malpwòpte, move dezi, move lanvi, renmen lajan (ki menm jan ak sèvi zidòl). 6 Se tout bagay sa yo ki fè kòlè Bondye tonbe sou moun ki derefize obeyi li. 7 Se konsa nou t'ap viv nan tan lontan lè nou te anba pouvwa peche sa yo. 8 Men koulye a, pa fè kòlè, pa fè move san ni okenn mechanste. Se pou nou voye tout bagay sa yo jete. Pa kite okenn jouman ni okenn gwomo soti nan bouch nou.