Acts 2:13-18

Haitian(i) 13 Gen lòt moun menm ki t'ap pase yo nan rizib. Yo t'ap di: Moun sa yo sou. 14 Lè sa a, Pyè kanpe ansanm ak lòt onz apòt yo, li pale byen fò, li di foul moun yo konsa: Nou menm moun Jide ansanm ak nou tout k'ap pase kèk jou isit lavil Jerizalèm, nou fèt pou nou konnen sa. Koute sa m' pral di nou la a. 15 Moun sa yo pa sou jan nou kwè a. Se nevè dimaten li ye sèlman. 16 Men, sa pwofèt Joèl te fè konnen gen pou rive a, se sa k'ap pase koulye a: 17 Men sak pral rive nan dènye tan an: Se Bondye menm k'ap pale: M'ap vide Lespri m' sou tout moun sou latè. Pitit gason nou ak pitit fi nou yo va pale tankou pwofèt. Jenn gason nou yo va gen vizyon. Granmoun nou yo va fè rèv. 18 Wi, lè sa a, m'ap vide Lespri m' sou tout sèvitè m' yo, fi kou gason, epi y'a bay mesaj ki soti nan Bondye.