2 Kings 25:13-17

Haitian(i) 13 Moun Babilòn yo pran gwo poto kwiv yo ki te nan Tanp Seyè a ansanm ak sipò yo ak basin kwiv yo. Yo kraze yo an ti moso, yo pote kwiv la ale lavil Babilòn. 14 Yo pran plat pou resevwa sann yo, pèl yo, kouto yo, gode yo, tas yo, kiyè yo ak tout lòt bagay an kwiv yo te konn sèvi nan tanp lan. 15 Chèf lagad la pran kivèt yo, recho yo ak dènye bagay ki te fèt an lò ak an ajan: 16 de gwo poto won yo, gwo basin lan ak douz estati towo bèf ki te sèvi l' sipò yo, ak kabwèt wa Salomon te fè fè an kwiv pou mete nan Tanp lan. Tout bagay sa yo te lou anpil, pesonn pa t' konn pèz yo. 17 Chak poto te gen vennsèt pye wotè. Sou tèt chak poto te gen yon blòk an kwiv sèt pye edmi wotè. Sou tout wonn tèt poto yo, te gen desen ti chenn makònen yonn ak lòt ak anpil pòtre grenad plake sou yo. Tout te fèt an kwiv. De poto yo te parèy.