2 Corinthians 7:4-7

Haitian(i) 4 Mwen gen anpil konfyans nan nou, mwen kontan nou anpil. Nan mitan tout soufrans mwen yo, mwen toujou gen anpil kouraj, kè m' kontan nèt. 5 Se konsa, depi mwen te rive nan peyi Masedwan, kè m' pa t' poze menm: mwen jwenn traka tout jan. Yon bò mwen te nan gwo diskisyon ak kèk moun, yon lòt bò mwen te pè nan kè mwen. 6 Men, Bondye ki bay moun ki nan lafliksyon yo kouraj te ban m' kouraj lè l' te voye Tit vin jwenn mwen. 7 Se pa rive Tit la ase ki te ankouraje mwen. Sa te remoute kouraj mwen anpil tou lè li rakonte m' jan nou menm nou te ba li ankourajman. Li fè m' konnen jan nou anvi wè m', jan sa fè nou lapenn pou mwen, jan nou pare pou nou pran defans mwen. Se sak fè, koulye a mwen pi kontan toujou.