2 Chronicles 7:22

Haitian(i) 22 Y'a reponn: Se paske yo te vire do bay Seyè a, Bondye zansèt yo a, ki te fè yo soti kite peyi Lejip. Yo kouri dèyè lòt bondye, yo fè sèvis pou yo, yo adore yo. Se poutèt sa Seyè a te voye gwo malè sa a sou yo.