1 Kings 9:16

Haitian(i) 16 Lontan anvan sa, farawon an, wa peyi Lejip la, te moute atake lavil Gezè. Li pran l', li touye tout moun Kanaran ki te rete la, lèfini li mete dife ladan l'. Apre sa, li fè pitit fi l' la kado l' lè li te marye ak wa Salomon.